Pitit deyo - Klass

Pitit deyo - Klass

Альбом
Fè'l Vini Avan
Год
2013
Язык
ht
Длительность
360200

아래는 노래 가사입니다. Pitit deyo , 아티스트 - Klass 번역 포함

노래 가사 " Pitit deyo "

번역이 포함된 원본 텍스트

Pitit deyo

Klass

Depi leu mwen te tou piti

Mwen toujou konn ap siveye kileu papam ap rantre

Leu vinn grandi, mwen gen lespri

Se leu sa map reyalize papam se mesye marye

Chak fwa pou’n rankontre, se nan kache, se nan sere

Se toujou avèk dlo nan je

Chak fwa pou’n rankontre, se nan kache, se nan sere

Paske mwen se pitit deyo

Pitit deyò, pitit deyò…

Mwen di hey

M pa vle moun konprann map vinn defann vagabon

Se pa ke m' pa konn papa

M' pa gen rezon

Men kisa m’fè pou’m mande padon

Madan marye voye pye

Se tout dwa’l men’l pa panse

Mwen pat mande pou’m egziste

Papa’m vle supòte'm

Men madanm li opoze

I know why!

Paske mwen se pitit deyò

Ah, aah!

Klass it is baby, yes it is baby!

Nickson!

Aya man!

Mwen konnen papa’m an tò

Paske’m se pitit deyò

Madan marye!

Tanpri ban’m yon ti chans

Se pa mwen kite mande fèt

E’m pa kwè papa’m regrèt

Madan marye!

Tanpri banm yon ti chans

Oh!

se pa yon bagay ki fasil

Yon fwaye k' pa ekilibre

Manman’m pase mizè anpil

Dèfwa li gade’m li tonbe kriye

Kesyon mwen gen pou ou madanm

Kijan’w tap santi’w nan plas mw?

Eske’w patap soufri?

Ou pa tap jemi?

Banm yon ti chans tanpri

Mwen konnen papa’m an tò

Paske’m se pitit deyò

Madan marye!

Tanpri banm yon ti chans

Se pa mwen kite mande fèt

E’m pa kwè papa’m regrèt

Madan marye!

Tanpri banm yon ti chans

Oh!

Se pa yon bagay ki fasil

Yon fwaye ki pa ekilibre

Manman’m pase mizè anpil

Dèfwa li gade’m li tonbe kriye

Le mal est déjà fait madanm

Kijan’w tap santi’w nan plas mwen

Eske’w pa tap soufri?

Ou pa tap jemi?

Banm yon ti chans tanpri

Gen madan marye ki pa konsa!

Mwen di woy!

woy!

woy!

Gade mizè mwen!

Mwen di woy!

woy!

woy!

Gade touman mw!

Mwen di woy!

woy!

woy!

Epi tout moun repete sa konsa

Peyi’m gen yon bann moun konsa ladann

Gen yon pakèt pitit deyò ladann

Gen yon bann timoun san papa ladann

Sa pa ladann, sa pa ladann (bis)

M di li pa bon, li pa bon

Sa pa bon, li pa bon

M’di li pa bon, li pa bon

Bagay sa pa bon, li pa bon (you know why)

200만 개 이상의 가사

다양한 언어로 된 노래

번역

모든 언어로 고품질 번역

빠른 검색

몇 초 만에 원하는 텍스트를 찾으세요