Anmwe Sekou - Klass

Anmwe Sekou - Klass

  • 출시년도: 2016
  • 언어: ht
  • 지속: 5:41

아래는 노래 가사입니다. Anmwe Sekou , 아티스트 - Klass 번역 포함

노래 가사 " Anmwe Sekou "

번역이 포함된 원본 텍스트

Anmwe Sekou

Klass

KLASS!

Fò'm pale mezanmi!

Yeba!

Tèlman m obsede ak pwobèm peyi mwen

Mwen pa kapab fèmen je mwen

Soulye a gendwa pa vle di nou

Men l konn lè on chosèt gen twou

Nou konfonn neglijans ak aksidan

Nou tankou on pakèt ti bèt kouran

Maladi peyi m paka pi grav

Paske pi mal se kadav

Anmwe!

Anmwe wo!

Pou enterè pwòp frè n ap detwi nou

Bondye!

Bondye wo!

Papa ou se sèl doktè ki ka geri nou

Pouki n ap fòse pèp la di viv kounya

Lè n konnen l pral di aba pita

Li fè m mal lè n kouri pou lapli

Se nan lanmè nou blayi

Pa bezwen konn kiyes ki prezidan

Depi yo vote l legalman

Mwen bouke wè manyòk kap rache

Pou yon pi mal ranplase

Anmwe!

Anmwe wo!

Pou enterè pwòp frè n ap detwi nou

Bondye!

Bondye wo!

Papa ou se sèl doktè ki ka geri nou

Pipo kòman w ye?!

Nap gade san pran sa kap pran san gade!

Adje frè!

Se vre wi Richie!

Yeba!

Pwofèt la pale!

Ayisyen tande!

Tout tan n gen souf fon batay!

Yonn pou lòt!

Yonn pou lòt!

Nou gen posiblite chanje

Se bòn volontè nou manke

Kot ti sa n paka fè la?!

Nou gen posiblite chanje

Se bòn volontè nou manke

Adje!

Si w konnen l pa bon pou zwa

Pa di li bon pou kana

Si nap rele chen papa pou zo

Diyite n a zero

Kay ap bati nan ravin

Tankou pye bwa k san rasin

Si yon lòt seyis pase

Dega yo pral repete

Paske nou pa janm pare

Pran sans nou!

Anmwe sekou!

Nap pèdi eskanp figi nou!

Nou bezwen yon lòt Toussaint

Yon Dessalines tap fè n byen woy

Devan radiyès Dominiken

Yo ta ede n goumen

Tout sak fè nou parèt gran

Se nan listwa nou yo ye

Nou bezwen lidè vanyan

Ki pap preche n reziye

Ki gen kouraj ak diyite

Pran sans nou!

Anmwe sekou!

Nap pèdi eskanp figi nou!

Figi nou atè a!

Pran sans nou!

Anmwe sekou!

Nap pèdi eskanp figi nou!

Si maladi n pi grav nou pral kadav!

K-L-A-S-S!

KLASS!

Manman, manman, manman, manman!

JP fè travay ou!

Rapidite!

Sa li ye!

Se nan Klass la!

Tout pawòl pale!

Wi se nan Klass la!

Tout pawòl pale!

Oolalalalalala!

Quelle affaire?!

Pran sans nou!

Anmwe sekou!

Nap pèdi eskanp figi nou!

Nou pa gen respè pyes kote!

Pran sans nou!

Anmwe sekou!

Nap pèdi eskanp figi nou!

Si n pa parèt ansanm, nou pral disparèt ansanm wi mezanmi!

Heyhey!

Al medite sou sa!

아티스트의 다른 노래:

사이트에 새로운 텍스트와 번역이 추가되었습니다:

200만 개 이상의 가사

다양한 언어로 된 노래

번역

모든 언어로 고품질 번역

빠른 검색

몇 초 만에 원하는 텍스트를 찾으세요